Fè Jounen w Konte se yon kou anliy-an-gwoup sou pwodiktivite k ap ede w konplete sa w kòmanse, konbat pwokrastinasyon ak reyalize travay ki fè w fyè.

Nan klas sa a m ap ba w modèl mantal, metòd, egzanp, estrateji, pratik ak zouti pou w vin yon "Moun Pwodiktif".

Tout moun k ap pran klas la ap pran l an menm tan, yon fason pou yo konekte youn ak lòt epi jwenn bon sipò bò kote pa m.

Sa w pra l aprann nan kou sa a

  • Dekouvri estil pwodiktivite w
  • Devlope kapasite pou fokis pou yon bon tan
  • Aprann kòman pou w konbat pwokrastinasyon
  • Devlope sistèm pou jere, delege ak konplete tach jounalye
  • Aprann itilize zouti dijital pou ede w pi pwodiktif
  • Aprann devlope bon jan abitid
  • Devlope yon sistèm pwodiktivite ki mache ak pèsonalite w
  • Teknik pou w òganize yon seri pati nan lavi w
  • Dekouvri egzanp ak modèl pwodiktivite pou jere tach ou
  • Dekouvri yon seri aplikasyon ak zouti pou w byen òganize lavi w



Hi I am Pierre

Pierre Stanley Baptiste, a StartingBloc fellow and Honorary Citizen of Wausau, dances at the crossroads of unrealistic aspirations, creativity, and social impact. Born in Haiti, Pierre has a breadth of experience in public speaking, social entrepreneurship, and bootstrapping. He also has a not-so-secret love affair with writing, coffee, cooking, hiking, and red wine. He’s the Author of Underdog Revolution.